Capital Bank SA / Actualités & Conseils Pratiques / Compte Bancaire / Tout sa ou dwe konnen sou prèv adrès la

Tout sa ou dwe konnen sou prèv adrès la

Prèv adrès la se yon dokiman bank yo mande w nan lide pou ka jwenn sèvis tankou ouvri yon kont, fè yon demann prè, oswa jwenn yon kat kredi.
Men, kisa egzakteman yon prèv adrès ye? Poukisa bank yo mande l?
Atik sa a ap eksplike w tout sa ou dwe konnen sou prèv adrès la.

Kisa yon prèv adrès ye?

Prèv adrès la se yon dokiman ki pèmèt bank la konfime ke adrès kliyan an deklare a se adrès kay li tout bon. Menm jan yon kliyan bay yon pyès idantite pou pwouve idantite l, li bay yon prèv adrès pou pwouve adrès li.

Ki adrès ki dwe sou dokiman an?

Pou yon moun, prèv adrès la dwe make adrès kay li, alòske pou yon konpayi oswa antrepriz, li dwe make adrès biwo prensipal la. Dokiman sa a konsène tout kalite kliyan.

Poukisa bank la egzije dokiman sa a?

An Ayiti, Lalwa oblije bank yo mande kliyan yo yon prèv adrès anvan yo aksepte louvri kont oswa vann yo lot sèvis.

Se yon obligasyon ki prevwa nan plizyè tèks legal (Lwa, Dekrè, règleman BRH, elatriye). Si yo pa respekte obligasyon sila, sa ka lakòz gwo sanksyon pou bank yo.

Se poutèt sa, nan lide pou respekte Lalwa, bank lan mande yon prèv adrès nan men tout kliyan.

Ki kondisyon bank la mande pou aksepte yon prèv adrès?

Pou yon dokiman ka sèvi kòm prèv adrès valid, li dwe:
a. Make klèman non konplè kliyan an, jan li ekri sou pyès idantite l.
b. Make adrès konplè li (nimewo kay, apatman, vil, katye, depatman, elatriye).
c. Genyen yon dat sou li. Fòk dat la pa twò lwen moman kliyan an bay li nan bank la. Li pa dwe depase 2 lane.
d. Pwouve san okenn dout ke kliyan an rete nan adrès ki make a.

Egzanp prèv adrès?

Tout fakti yon sèvis oswa yon byen ki te delivre lakay Kliyan an, tankou:
• Fakti kouran (Bòdwo EDH)
• Fakti dlo (Bòdwo DINEPA oswa lòt konpayi k ap distribye dlo)
• Fakti konpayi sèvis entènèt (Access, Hainet, Digicel, Natcom, elatriye)
• Fakti telefòn pou liy fiks (Digicel, Natcom, elatriye)
• Fakti koleksyon fatra
• Fakti livrezon yon bagay ou te achte lakay ou
• Prèv resepsyon yon lèt ke yon sèvis kourye te voye nan adrès ou
• Prèv resepsyon yon lèt ki soti nan nenpòt lòt bank nan adrès ou


Tout dokiman Leta ki kapab pwouve ke Kliyan an abite nan adrès sa a:
• Sètifika rezidans Tribinal Depè delivre*
• Kopi dokiman ki gen rapò ak enpo lokatif pou kay la
• Sètifika rezidans Meri zòn wap viv la delivrew

*Tanpri note ke ou ka jwenn sètifika rezidans la fasilman nan Meri a oswa nan Tribinal la, a kondisyon ke ou ranpli fòmalite ki prevwa pa enstans konsène yo.

Mwen gen yon prèv adrès, men li pa sou non pa m.

Sa ka rive ke pafwa dokiman ki sèvi kòm prèv adrès yo pa sou non Kliyan an ki ta renmen ouvè kont la.
Nan ka sa a, ou ap sèlman bezwen ajoute nan prèv adrès sa a, yon atestasyon domisil ki siyen pa moun ki gen non l sou dokiman an. Bank la ap ba w modèl atestasyon domisil sa nan nenpòt sikisal.
Pa egzanp, yon madan marye ka louvri kont li ak yon fakti entènèt sou non mari l ak atestasyon domisil mari a siyen. Li pap bezwen yon prèv adrès sou non pa l.

Menm lojik sa a aplike tou pou:

  • Yon pitit gason k ap viv lakay paran l. Li ka louvri kont labank li ak fakti Dinepa ki sou non papa l, ansanm ak atestasyon domisil papa a ranpli.
  • Yon nyès k ap viv lakay matant li. Li ka louvri kont labank li ak fakti EDH ki sou non matant li, ansanm ak atestasyon domisil matant la ranpli.
  • Yon moun k ap viv lakay zanmi l. Li ka louvri kont labank li ak sètifika rezidans ki sou non zanmi l, ansanm ak atestasyon domisil zanmi a ranpli.

Mwen te deja soumèt yon prèv adrès bay bank la, men antretan mwen chanje adrès

Si w chanje adrès, ou dwe fè bank la konnen sa touswit. Lalwa mande bank yo pou yo kenbe enfòmasyon ajou pou chak kliyan. Anplis de sa, sa ka rive tou ke bank la vle voye dokiman konfidansyèl ba ou. Ou gen tout enterè pou w fè yo toujou konnen ki kote yo ka jwenn ou.
Kidonk, nan ka chanjman adrès, kliyan an ap remèt bank la yon prèv adrès pou nouvo adrès la.

Mwen vle louvri yon kont sou non konpayi m. Ki prèv adrès pou m bay?

Si w vle louvri yon kont antrepriz, ou dwe soumèt yon prèv adrès sou non antrepriz la ak yon prèv adrès pou chak moun ki siyen, paske adrès konpayi a pa ka sèvi kòm adrès pèsonèl pou chak moun separeman.

Lalwa
Loi du 14 mai 2012 portant sur les Banques et autres Institutions Financières
Loi du 12 mars 2014 portant prévention et répression de la corruption

Dekrè
Décret du 30 avril 2023 sanctionnant le blanchiment de capitaux, le financement du terrorisme, et le financement de la prolifération des armes de destruction massive en Haïti

Sikilè BRH
Circulaire 99-4 sur les mesures préventives que les banques doivent prendre aux fins de lutter contre le blanchiment de capitaux et le financement du terrorisme

Prèv adrès la enpòtan anpil pou relasyon w ak bank ou. Se yon dokiman pou w genyen pou w ka kontinye jwi tout sèvis nou yo san enteripsyon.
Découvrez nos comptes
Cliquez ici
11 août 2025