Capital Bank SA / Éducation Financière & Actualités / Pour votre Sécurité / « Phishing » : Kijan pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou

« Phishing » : Kijan pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou

« Phishing » oswa « hameçonnage » se yon pratik ke yon seri de moun sèvi pou voye mesaj imel oswa mesaj tèks (SMS) pou eseye volè enfòmasyon pèsonèl ou. Capital Bank swete sansibilize w sou kisa pou w fè pou pwoteje w.

Pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou

Pa janm bay okenn moun enfòmasyon pèsonèl ou tankou modpas ou, nimewo kat kredi w, nimewo PIN ou, elatriye. Capital Bank pap janm mandew enfòmasyon sa a yo pa imel, pa SMS oswa nan mesaj prive sou rezo sosyo.

Toujou verifye enfòmasyon moun ki kontakte w yo

Yon mesaj imel “phishing” ka afiche non yon adrès imel ki kache yon move adrès. Si imel la sòti nan Capital Bank e ke w gen dout, kontakte nou.

Fè vijilans sou tout bagay

Fè atansyon ak mesaj ki ankouraje w fè de aksyon rapid tankou « Nou jwenn yon pwoblèm sou kont ou. Pataje idantifyan ak modpas ou ». Fè atansyon tou ak mesaj kap ofri avantaj ki twò bèl tankou « Klike sou lyen sa a pou nou depoze 10,000 goud sou kont ou ».
Toujou byen verifye adrès moun ki voye imel la. Si imel la sòti nan Capital Bank e ke w gen dout, kontakte nou.

Evite pyèj lyen oswa atachman

Pa janm klike sou yon lyen ki nan yon imel san w pa verifye ke adrès la kòmanse ak « https:// » pou yon koneksyon ki pi sekirize.
Pa louvri yon atachman ou pa finn fè konsyans.

4 juin 2024