Kat Capital Pam : tout sa ou dwe konnen

Estimated reading time: 4 minutes
Anpil kliyan poze menm kesyon sa a : “Èske mwen ka sèvi ak kat Capital Pam la pou achte kay komèsan oswa sou entènèt ?”
Atik sa a ap pèmèt ou konprann diferans ki genyen ant diferan kat nou ofri nan Capital Bank. Ak enfòmasyon sa yo, wap ka chwazi kat ki pi bon pou ou.
Kisa kat Capital Pam lan ye egzakteman ?
Kat Capital Pam la se kat debi lokal Capital Bank la. Li konekte ak yon kont pèsonèl an goud.
Avèk li, ou ka :
- fè retrè an goud nan tout ATM Capital Bank yo (oswa nenpòt lòt ATM an Ayiti)
- konsilte balans kont ou sou ATM Capital Bank yo
Li enpòtan pou w konprann ke li pa pèmèt ou achte ni nan magazen, ni sou entènèt. Li pa yon kat debi entènasyonal, ni yon kat kredi. Se poutèt sa nou konsidere l tankou yon kat ATM, paske li fèt sèlman pou itilize nan ATM yo.
Ki kote ou ka itilize kat Capital Pam la ?
Wap jwenn ATM Capital Bank nan Pòtoprens ak Okap. Pwochènman, wap jwenn yon ATM nan vil Okay tou.
Pou w konsilte lis ATM yo, klike sou lyen sa. Nan opsyon ki sou kote gòch la, chwazi « ATM » pou afiche sèlman lis ATM yo.
E si mwen vle achte sou entènèt ?
Pou achte an liy, pou peye abònman sou entènèt oswa pou achte nan magazen lè w aletranje, ou gen plizyè chwa :
- Kat prepeye entènasyonal VISA Capital Carte
Avèk li, ou ka peye sou sit tankou Amazon, Netflix, Meta Ads, epi fè acha nan magazen aletranje. Li pèmèt ou kontwole depans ou fasilman paske ou itilize kantite lajan ou rechaje sou kat la. - Kat kredi VISA Classic oswa tout lòt kat VISA Capital Carte (kat sa yo enteresan pou kliyan ki itilize platfòm peman entènasyonal yo anpil pou bezwen pèsonèl yo oswa nan kad travay yo).
Siw vle achte nan magazen an Ayiti sèlman, ou ka chwazi kat prepeye lokal la. Kat sa aksepte kay anpil komèsan an Ayiti.
Kiyès ki ka jwenn kat debi Capital Pam la ?
Tout nouvo kliyan ak tout kliyan ki deja gen yon kont epay oswa yon kont kouran nan Capital Bank ka mande yon kat debi Capital Pam.
Pwosedi pou jwenn kat la :
- Ale nan sèvis kliyan nan sikisal ou oswa nan Pwen Capital ki pi pre w.
- Ranpli fòm demann pou kat debi Capital Pam nan.
- Prezante yon pyès idantite ki pa ekspire epi siyen fòm nan devan yon ajan otorize.
- Kat ou a ap disponib sou plas.
- Pou sekirite w, nan yon anvlòp, ou pral resevwa yon kòd PIN tanporè.
E si mwen gen yon kont epay ak livrè ?
Kliyan ki gen yon kont epay ak livrè (oswa kanè) dwe remèt livrè a bay sèvis kliyan an pou kont yo ka konvèti an kont epay san livrè.
Konvèsyon sa a nesesè paske retrè ki fèt nan ATM yo ak kat Capital Pam la pa enskri otomatikman sou livrè a.
Sa vle di balans ou wè nan livrè a ak kantite lajan ki vreman disponib sou kont ou pa menm ankò.
Fò w konnen tou ke kont san livrè a ofri plis modènite paske ou ka mande aksè gratis pou w swuiv kont ou sou Capital Bank Online.
An rezime
Pou w byen konprann, nou prezante w yon konparatif ant kat Capital Pam la ak kat prepeye yo. Konparezon sa ap pèmèt ou wè ki kat ki pi enteresan pou ou selon bezwen w.
Anplis kat prepeye yo, Capital Carte ofri yon gam konplè kat kredi.

Kat Capital Pam la enteresan pou fè retrè rapid an goud nan ATM an Ayiti.
Pou achte an liy oswa lè w aletranje, chwazi kat prepeye entènasyonal Capital Carte la.