Kenbe kontwòl kont ou ak Capital Bank Online

Estimated reading time: 2 minutes
Capital Bank Online pèmèt ou toujou gen yon je sou kont ak kat ou yo, kèlkeswa kote ou ye.
Pou pwofite sèvis sa a korèkteman, men kèk bon abitid nou rekòmande :
Konsilte kont ou yo detanzantan
Pran abitid verifye kont ou yo. Sa ap pèmèt ou swiv tranzaksyon ou yo chak jou, asire w ke tout bagay anfòm epi remake nenpòt aktivite ki pa ta sanble nòmal.
Itilize yon modpas ki inik
Chwazi yon modpas ki inik pou Capital Bank Online epi evite itilize menm modpas la pou adrès imel ou oswa lòt platfòm yo.
Kenbe idantifyan ou yo konfidansyèl
Non itilizatè w (username) ak kòd aksè w (password) yo pèsonèl. Pa pataje yo ak okenn lòt moun.
Dekonekte chak fwa w fin itilize l
Sa enpòtan sitou lè w ap itilize yon òdinatè oswa yon aparèy ki pa pou ou.
Kenbe enfòmasyon kontak ou yo ajou
Asire w ke nimewo telefòn ak adrès imel ki anrejistre nan bank la toujou korèk pou ou ka resevwa kòd OTP yo ak lòt kominikasyon enpòtan yo.
Yon tranzaksyon sanble pa nòmal pou ou?
Kontakte nou pi vit posib nan : [email protected]
Kèk lyen itil
Capital Bank Online : tarifikasyon ak limit
Kijan pou enskri sou Capital Bank Online ? (atik an kreyòl)
Comment s’inscrire à Capital Bank Online ? (atik an franse)