Capital Bank SA / Actualités & Conseils Pratiques / Capital Transfert / Capital Transfert : pwoteje transfè w yo

Capital Transfert : pwoteje transfè w yo

Estimated reading time: 3 minutes

Nan Capital Transfert, pwoteksyon kliyan yo ak kalite sèvis nou bay la se priyorite nou. Kit w ap voye oswa resevwa yon transfè lajan Western Union, gen kèk enfòmasyon ki enpòtan pou fasilite tranzaksyon w, pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou epi ede w pi byen konnen dwa w.

Nan sans sa a, nou envite w li atik sa.

Prezante yon pyès idantite valid

Pou nenpòt transfè wap resevwa oswa voye, fò w prezante yon pyès idantite valid (kidonk ki gen non w, foto w e ki pa ekspire).

Pami pyès nou aksepte yo, genyen :

  • paspò
  • Kat idantifikasyon nasyonal inik (NINU)
  • lisans

Anvan ou al rekipere yon transfè nan yon ajans Capital Transfert, asire w pyès idantite w la valid epi enfòmasyon ki sou li yo koresponn ak enfòmasyon moun ki voye transfè a itilize pou voye w transfè a.

Pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou

Enfòmasyon pèsonèl ou yo dwe rete konfidansyèl.

Pa janm pataje yo ak yon moun ki pa otorize, kit se nan telefòn, nan mesaj, sou rezo sosyo oswa an pèsòn.

Toujou rete vijilan si yon moun mande w enfòmasyon ki gen rapò ak transfè w, idantite w oswa dokiman pèsonèl ou.

Pa voye lajan bay moun ou pa konnen

Anvan ou fè yon transfè, asire w ou byen konnen moun w ap voye lajan an ba li.

Pa janm voye lajan bay yon moun ou pa konnen oswa bay yon moun kap mete presyon sou ou pou w fè yon tranzaksyon rapid.

Si w gen dout, pran tan pou verifye anvan ou aji.

Verifye frè ki gen rapò ak transfè w

Lè wap voye yon transfè Western Union, tout frè ou dwe peye yo parèt sou resi tranzaksyon an.

Anvan ou apwouve operasyon an, pran tan pou verifye frè ki aplikab yo.

Tout biwo Capital Transfert yo gen yon afich tarifikasyon ki disponib pou tout kliyan yo. Ou ka konsilte li tou anvan ou voye transfè a.

Pa gen okenn frè anplis pou resevwa yon transfè

Ou pa gen okenn frè anplis pou peye lè w ap resevwa yon transfè Western Union.

Si yon moun mande w peye yon montan anplis pou resevwa transfè ou, enfòme Capital Transfert pou sitiyasyon an ka verifye.

Verifye montan ou resevwa a anvan w ale

Anvan ou kite biwo Capital Transfert la, verifye si montan ou resevwa a koresponn ak montan ki ekri sou fich oswa resi tranzaksyon an.

Si ou pa resevwa tout montan ki endike a, siyale sa touswit bay ekip nou yo.

Ou bezwen asistans oswa ou vle fè yon reklamasyon ?

Pou nenpòt kesyon, reklamasyon oswa doleyans ki gen rapò ak yon transfè, kontakte Sèvis Kliyantèl Capital Transfert la :

2813-1512 / 2813-1537
4738-1008 (mesaj WhatsApp sèlman)

Ekip nou an rete disponib pou akonpaye w.

Satisfaksyon w se fyète nou
Capital Transfert remèsye w pou konfyans ou ak fidelite w.
Lè ou rete vijilan e byen enfòme, ou ede sekirize tranzaksyon w yo epi pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou.

En savoir plus sur Capital Transfert
Consultez la page

7 juillet 2026