Transfè
Capital Bank ↔ MonCash

Estimated reading time: 4 minutes

Ou vle voye yon transfè MonCash depi kont ou nan Capital Bank oswa resevwa yon MonCash dirèkteman sou kont labank ou?

Bon nouvèl: ou ka voye yon MonCash dirèkteman sou Capital Bank Online (sou sit entènèt la oswa sou aplikasyon an).
Transfè yo fèt imedyatman – lajan an disponib touswit apre konfimasyon.

Pou kisa sèvis sa a itil ?

Sèvis sa a, ki trè pratik, ka ede w nan anpil sitiyasyon chak jou. San deplasman, dirèkteman depi Capital Bank Online. Ak li, ou ka:

  • Transfere lajan depi kont Capital Bank ou sou MonCash (MonCash pa w oswa MonCash yon lòt moun)
  • Transfere lajan depi MonCash pou ale sou kont Capital Bank ou
  • Limite itilizasyon lajan kach epi gen pi bon vizibilite sou tranzaksyon w yo

3 ekzanp

Sitiyasyon kote sèvis Capital Bank ↔ MonCash rann lavi pi fasil.

3 exemples d'utilisation du service Capital Bank <-> MonCash

Sa ou dwe konnen anvan premye transfè MonCash ou

  • Sèvis 100 % an liy (Web & App) : pou transfè rapid, nenpòt kote ou ye a, nenpòt ki lè, san deplasman.
  • Transfè imedya  : lajan an disponib touswit apre konfimasyon.
  • Deviz transfè a : transfè yo posib sèlman an goud (HTG).
  • Frè transfè : menm jan ak lòt kalite transfè yo, gen frè ki aplike pou ekspeditè a (moun k ap voye transfè a). Frè yo toujou afiche anvan validasyon. Konfime tout detay yo anvan ou finalize tranzaksyon an.
  • Ou ka konsilte frè yo tou sou paj tarifikasyon Capital Bank Online la.

Kijan sèvis sa mache ?

1- Konekte sou Capital Bank Online (sou sit entènèt oswa sou app la)

2- Nan meni pwensipal la, klike sou Transferts, epi sou MonCash.

3- Chwazi moun kap resevwa lajan a (oswa kreye pwofil li si li poko egziste)

4- Antre montan an ak enfòmasyon yo mande yo

5- Verifye enfòmasyon yo (kont yo pral debite a + moun k ap resevwa lajan a + montan transfè a + frè yo)

6- Valide tranzaksyon an ak kòd OTP ou resevwa pa imel oswa pa SMS (selon chwa w)

Ou bezwen asistans?

Kontakte ekip Capital Bank Online la:
Telefòn : (509) 2810-3806
Imel : [email protected]
Orè : Lendi rive Vandredi, 8:30am – 3:30pm

Kesyon rapid

  • Ki kote mwen ka jwenn opsyon MonCash la nan Capital Bank Online ?
    Nan ba meni Capital Bank Online lan, klike sou Transferts, epi sou MonCash
  • Èske frè yo diferan selon sans transfè a ?
    Lè ou voye yon MonCash depi Capital Bank Online, gen frè ki aplike sou tranzaksyon an.
  • Lè ou resevwa yon MonCash sou kont labank ou, Capital Bank pa pran okenn frè.
  • (gade paj Tarifikasyon Capital Bank Online).

Kijan pou w enskri sou Capital Bank Online?
Li atik la

30 mars 2026