Peye san kach ? Li posib e li pratik.

Peye lwaye w, entènèt ou, lekòl pitit ou, konsiltasyon doktè ak anpil lòt bagay ankò sanw pa bezwen manyen yon biyè lajan e sanw pa deplase. Wi li posib ak solisyon sa a yo.
Dekouvri solisyon peman san kach :

1. Transfè ant 2 kont ki nan Capital Bank
Tout transfè ki sòti sou yon kont ki nan Capital Bank pou rive sou yon lòt kont ki nan Capital Bank fèt rapid e kòb la disponib menm moman an, kit li fèt an liy oswa nan sikisal.

2. SPIH
Fè SPIH (peman ant bank lokal yo) an tout sekirite, an liy oswa nan sikisal.

3. Kat kredi Capital Carte
Pwofite fasilite kat kredi a pou achte an Ayiti oswa aletranje. Peye kat ou sanw pa deplase sou Capital Bank Online depi kont labank ou nan Capital Bank.

4. Kat prepeye Capital Carte
Kontwole depans ou e rechaje kat prepeye w la selon bezwen w sanw pa deplase sou Capital Bank Online depi kont labank ou nan Capital Bank. Li atik sa a pou w dekouvri avantaj kat prepeye a.

5. Chèk
Peye makèt ou, doktè ak lòt depans ak mwayen peman san kach sa a ke anpil komèsan aksepte an Ayiti.

6. Transfè Western Union
Voye lajan rapid rapid pou fanmi w an Ayiti ak lòtbòdlo.
An Ayiti, li posib pou resevwa transfè paw la nan tout biwo Capital Transfert. Ou ka voye transfè Western Union aletranje tou apati Capital Bank Online. Li atik sa a pou plis enfòmasyon.

7. Transfè entènasyonal
Li fasil pou w transfere kòb sòti nan yon bank lokal rive nan yon bank ki nan yon lòt peyi, nan tout deviz e an tout sekirite.

8. Chèk Direksyon
Senplifye peman w yo ak chèk direksyon a ki bay moun kap resevwal la asirans ke lajanl chita la ap tann li.

9. Chèque sou letranje
Pwofite de fasilite opsyon peman san kach sa a ki fèt an dola ameriken pou peye yon angajman oswa voye kòb sou kont ou ozetazini.